Sei sulla pagina 1di 3

KISA W TAP ?

EMISYON 001 / ISTWA KACHE


/sante

Ouvèti dyalòg la

Franso se yon fiti marye , li gen pou l marye nan yon mwa ankò ! Tout
bagay gentan planifye pou li menm ak Janine fè yon sè l . Aswè a li te
akonpanye kèk nan bon zanmi li genyen ke li knsidere tou kòm konseye l
ki se , Jaky ak Mario pou yo t al bwè de byè epi , diske bagay antre patnè
ansanm nan yon klèb

efè sonò ( son klèb , dj , sèvè , moun kap danse , pale )

sèn 1

konvèsasyon 1
– Franso – ouuuuu Gadon mizik !!!
– Jaky – ou mèt pwofite wi papa ! Aprè semèn sa , ou ka paka vin bwè
kèk byè avèk nou wi frè
– Franso – poze non Jaky ! Ou konnen Janine pa janw panse a menn , e
lap yon bon madanm wi ! Mgentan santi sa
– Mario – e ou ? Wap yon bon mari ? ? ou pral resi kite stad bo a
– Franso – Sa, se te chwa pa n ! Apa lè a prèske rive , fòw pa prese ti
baz , sitou lèw renmen yon fi / ebyen mesye map kite nou , map rive
Kay Janine lan , FITI MADANM MWEN !! , men pou nou peye byè yo
– non freo , se nan maryaj sa nap gaspiyew , ou mèt ale ! Se mwen kap
jere bil sa

Mizik ( Zafèm , Hasta mañana )

Sèn 2

FITI MADANM marye a , Janine ! Chita lakay li ak manmanl , yap pale sou
yon bagay ke Janine kenbe sekrè trò lontan , e lap mande l èske se pa
moman pou l ta devwalel

– Janine – Bon manmi , ou konnen mwen renmen Franso anpil , mpa


konn kijan poum ta dil bagay sa non mwen
– manmanl – cheri mte diw pa kite bagay sa rive jis la , ou paka pral
marye nan 2 semèn la epi, pouw kenbe gwo sekrè sa pou fiyansew
– Janine – mpral relel , map dil sa!
– Manmanl – non non , wap dil sa an fas ! Poul wè tout emosyon w ,
poul wè se lanmouw gen pou li ki koz ou te kachel sa
– Janine – se pa manti non ! Mèsi anpil manmi ! Banm rele l poum dil
map pase lakay li demen

efè sonò ( telèn kap sone , machin kap pase , efè moun kap kondui )

Sèn 3

Janine te suiv konsèy manmanl te babli a , li rele fiti maril poul devwalel
sekrè sa l te kenbe pou li sa fè menm trò lontan , li deside pa marye ak
okenn sekrè

– Franso - Mon amour !


– Alo baby ! Kijanw ye ?
– Anfòm chérie ! Men w konnen nan kèk semèn ou pral fè m kado mte
toujou reve a
– Ou konnen tout mwen se pou ou deja ! / .... boo ! Mwen gen yon
bagay poum diw avan nou marye , men se anfas pou m diw li em
swete wap konprann mwen b
– Ou konnenm toujou konprann ou ! Se lakay ou mtap vini la WI , mwen
menm gentan rive bò baryè a la ( efè klaksòn ) .... Se mwen wi

Pandan Franso ap klasone a , Janine panike ! Lap monte , lap desann ! Li


poko konnen Kijan Franso pral pran nouvèl sa , li pè !

– Janine – mezanmi ( respire a fon )


– manmanl – cheri map kite nou nan chanm sa , mal nan chanm invite
anlè a ( bri pye kap monte eskalye ) men pa bliye , se senserite ki
konte

Janine soti lal ouvri baryè a pou Franso

efè sonò ( baryè kap ouvri , yon Jan aswè , bri yon machin kap parking , bri
yon machin ki kanpe , etèn , pòt fèmen , bip sikirite )

Sèn 4

– Bonsoir Mon ange ( bizou , efè sonò)


– ann rantre cheri

yo rantre , bri pye .... pòt ouvri , yo chita

– Jainine- Kijan jounenw te ye ?


– Franso - pat mal menm non bm , Jodi a mwen jwenn ak Garlison ki
dim se lik pou parenn
– o ! dat mwen pa wè l , a nou gen parenn pou maryja la deja
– Mte tou ap vin la WI , men w di w gen yon bagay pouw dim anfas talè
a !
– WI baby ,/... ou konnen mwen renmnw pa vre ? Em pa janm vle gen
sekrè pou ou
– je sais ! e se parèy pou mwen tou manmi !
– Euu tann mwen pito , map vini

Janine deplase , li rantre nan chanm li , li tounen pote yon papye bay fiti
maril , nan papye sa ! Te genyen youn nan pi gwon sekrè kel te genyen ,
pa sèlman pou fiti maryel , men pou tout moun ki te nan vil , sof manmanl
ki te konn bagay sa

efè sonò ( bri pye , pòt ouvri , tounen

sèn 5

– Janine – li papye sa boo ! se sèl konsa mwen wèm ka baw nouvèl sa


– o o ! se nan papye a nouvèl la ye ?
– WI bb , jis lil menm swete wap konprann
– ok/ banm banm lil ..

sispens ....

– Franso- o o ! sa bagay sa di la ?se yon blag Janine ?


– Janine- Hmm ou gentan paka relem baby ankò / se pa yon blag cheri !
Se tout bon e se pou sa mpat vle antre nan relasyon avè w tou
– kòman sa ? Pou w gen SIDA epi se kounya / e se konsaw deside dim
sa tou ? Lè nou pral marye a ?
– Janine- cheri ... se lanmoum gen pou ou ki fèm pat diw sa depi lontan,
mpat jwenn mwayen / ase fòs / mpat vle pèdiw Franso !
– franchman Janine , ou wè la .. ou pèdim ! Kenbe sekrè sa pou mwen
epi dim se lanmou ? Ou fout manti machè !
– ah baby pale avèm pi souple non
– Janine Lage menm , Lage menm

Franso nève poul mouri , Janine desevwal ? , li retire menl nan men Janine
tankou se yon enkoni , yon moun li pat janm swete touche avè l , Pandan ,
pa gen tròp minit de sa ,rèv li se te fè yon sèl ak Janine ,aprè jou sa ! se
konsa Franso te disparèt nan vi demwazèl la , men kisa ki lakoz ? Siw te
Franso KISAW tap fè ? E siw te Janine èskew tap di di Fanso sekrè sa
avan ?

Potrebbero piacerti anche